Skip To Main Content

About the MVP Project (Haitian Creole)

Kiyès nou ye?
Nou se yon ekip lyezon pou kominote a k ap travay avèk vil Medford a pou kreye pwogram ak sèvis an kolaborasyon avèk abitan Medford yo. Se nou menm ki premye ekip lyezon nan Medford ki konpoze ak plizyè kilti e ki pale plizyè lang. Nou chofe pou n branche avèk abitan Medford yo e pou n leve vwa moun ki nan diferan kominote yo nan vil la.

 

Ki travay n ap fè?
Nou gen yon plan pou lavni. Nou vle Medford touen yon kote ki pi bon e ki gen mwens patipri pou jenerasyon k ap vini yo, e sa mande pou n asire abitan Medford yo gen resous yo bezwen pou yo prepare pou e rekipere apre ijans, tankou gwo chalè, inodasyon, ak gwo tanpèt. Nou la a pou n koute e konprann eksperyans kominote nou yo te fè, bezwen yo genyen, ak ide yo, yon fason pou n ka pote amelyorasyon ansanm.

 

Poukisa mwen dwe enplike tou?
Chak vwa enpòtan. Pou vil nou an yon pi bon kote pou tout moun, fòk tout moun enplike. Nou vle asire nou tout moun ki nan Medford gen kapasite pou l jwenn enfòmasyon epi bay pwogram yo ak sèvis yo kontribisyon pa yo.

 

Ki jan pou m kontakte nou?
Ou ka asiste yon rankont, voye yon mesaj ban nou, li dènye nouvèl yo sou sit wèb nou, oswa pran yon randevou pou w pale avèk nou.

Rele nou: 781-475-5644
Voye imèl ban nou: mvp@medford-ma.gov